Pwovèb 11:1-15

Pwovèb 11:1-15 HAT98

Senyè a pa vle wè moun k'ap sèvi ak fo balans. Li kontan ak moun ki sèvi ak bon mezi. Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann. Moun k'ap mache dwat konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men moun k'ap mache bay koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye. Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou. Moun k'ap mache dwat ap viv san pwoblèm paske li serye. Men mechan ap tonbe nan pwòp pèlen mechanste li. Lè yon moun serye fè sa ki dwat, sa ap sove l. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, y'ap pran nan move jwèt y'ap fè a. Lè yon mechan mouri, sa l t'ap tann lan mouri ansanm avè l. Konfyans li te mete nan byen li yo pa sèvi l anyen. Jou malè, moun ki mache dwat ap jwenn pwoteksyon. Sa ki pou ta rive l la, se mechan an li rive. Moun ki san respè pou Bondye ap touye moun ak lang yo. Men, konesans ap sove moun k'ap mache dwat yo. Lè sa mache pou moun serye, tout peyi a kontan. Konsa tou, lè mechan an disparèt, se lakontantman pou tout moun. Se bèl bagay pou yon lavil lè li gen moun serye ladan l. Men, mechan yo ap detwi l ak lang yo. Avili yon frè parèy ou, se bagay moun san konprann fè. Yon moun lespri konnen pou l pe bouch li. Moun k'ap mache fè tripotay mete tout sekrè deyò. Men moun konfyans, kè yo se kòfrefò. Lè pa gen bon dirijan, peyi a nan ka. Men lè gen moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove. Lè ou pwomèt pou ou peye dèt yon moun ou pa konnen, w'a gen pou regrèt sa pita. L'a pi bon pou ou si ou refize bay garanti pou yon lòt.