Pwovèb 10:17-32

Pwovèb 10:17-32 HAT98

Moun ki koute lè yo rale zòrèy yo ap jwenn chemen lavi. Men, moun ki refize admèt lè yo antò pèdi chemen yo. Moun ki rayi moun nan kè yo, se moun ou pa ka fye. Tout moun k'ap mache fè tripotay se moun san kouprann. Plis ou pale, plis ou ka peche. Lè ou gen bon konprann, ou kenbe bouch ou fèmen. Pawòl ki sòti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen. Pawòl ki sòti nan bouch moun k'ap mache dwat ap pwofite anpil moun. Men, moun sòt yo ap mouri, paske yo pa gen konprann. Benediksyon Bondye bay moun richès. Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li. Lè moun san konprann ap fè sa ki mal, se tankou yon jwèt pou yo. Men, yon moun lespri pran plezi l nan chache gen bon konprann. Yon moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l ta renmen genyen. Men mechan an, se sa l pè rive l la k'ap rive l. Depi move tan pase, mechan yo disparèt lamenm. Men, moun k'ap mache dwat yo ap toujou kanpe fèm. Pa janm voye parese fè komisyon pou ou. L'ap ennève ou menm jan sitwon fè dan moun gasi, menm jan lafimen fè je moun koule dlo. Krentif pou Bondye fè moun viv lontan. Men, mechan yo mouri anvan lè yo. Sa moun k'ap mache dwat yo ap tann lan va rive vre. Men, mechan yo p'ap janm jwenn sa y'ap tann lan. Chemen Bondye se yon pwoteksyon pou moun ki serye. Men, l'ap detwi moun k'ap fè mal yo. Yo p'ap janm ka brannen moun k'ap mache dwat. Men mechan yo ap disparèt nan peyi a. Lè moun k'ap mache dwat ap pale, se bon koze y'ap bay. Men moun move lang yo ap disparèt. Moun k'ap mache dwat konn bèl pawòl pou yo di. Men lang mechan yo, se kouto debò.