Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m konnen Kris la, pou m santi nan mwen pouvwa ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò a, pou m soufri ansanm avè l nan soufrans li yo, pou m rive mouri tankou li tou, avèk espwa, mwen menm tou m'a gen pou m leve sòti vivan nan lanmò. Mwen pa mete nan tèt mwen m'rive kote mwen prale a, ni mwen poko fin bon nèt. Men mwen nan kous la pou m'wè si mwen ka touche kote mwen vle rive a, paske Jezikri fin mete men sou mwen deja. Se vre wi, frè m'yo. Mwen pa kwè mwen deja rive kote m' dwe rive a. Men mwen gen yon sèl bagay m'dwe fè: se bliye tout distans m'fin fè deja yo pou fikse lide mwen sou distans ki rete mwen an.
Li Filipyen 3
Koute Filipyen 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Filipyen 3:10-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo