Kounyeya, frè m yo, fè kè nou kontan nan Senyè a. Pou mwen, sa pa fè m anyen pou m repete sa m te voye di nou deja. Men, se nan avantaj nou. Veye kò nou ak moun k'ap plede fè sa ki mal yo. Veye kò nou ak bann chen sa yo ki vle fè yo sikonsi nou. Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.
Li Filipyen 3
Koute Filipyen 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Filipyen 3:1-3
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo