Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Filipyen 1:12-18

Filipyen 1:12-18 HAT98

Frè m yo, mwen vle nou konn sa byen: Tout bagay sa yo ki rive m lan, yo pi fè travay predikasyon bòn nouvèl la mache pase yo fè lòt bagay. Se konsa, tout gad palè yo ansanm ak tout lòt moun yo konnen se paske m'ap sèvi Kris la kifè m nan prizon. Frè yo menm, bò pa yo, lè yo wè m nan prizon an, pifò ladan yo vin gen plis konfyans toujou nan Senyè a. Sa ba yo plis kouray kounyeya pou fè konnen pawòl Bondye a san yo pa pè anyen. Gen ladan yo k'ap preche Kris la paske yo gen jalouzi nan kè yo. Gen lòt menm, se pou fè moun konkirans. Men gen lòt tou k'ap preche ak bon santiman. Se renmen Bondye a k'ap pouse yo fè l, paske yo konnen se Bondye menm ki ban m travay sa a pou m ka defann bòn nouvèl la. Men, lòt yo ap fè konnen Kris la ak move lide dèyè tèt yo, y'ap fè l pou lanbisyon pèsonèl pa yo. Y'ap fè l pou chache m kont. Yo konprann yo ka fè m lapenn antan m nan prizon an. Men, sa pa fè m anyen. Kit yo gen bon lide, kit yo gen move lide, tout jan se Kris la y'ap fè konnen. Epi sa fè kè m kontan. M'ap pi kontan toujou

Li Filipyen 1

Koute Filipyen 1

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Filipyen 1:12-18

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo