Nonb 5:11-31

Nonb 5:11-31 HAT98

Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa: — Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Sipoze madanm yon nonm lage kò l nan dezòd, epi l'ap twonpe mari l, si lòt gason kouche ak li san mari li pa konnen, si li te kache pandan li t'ap fè bagay ki mete li nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis pou Bondye a, kifè pa gen temwen ki pale kont li, ni yo pa te kenbe li nan men, osinon si yon mari vin sispèk madanm li nan dezòd, kifè madanm lan pa nan kondisyon pou l fè sèvis pou Bondye, kit madanm lan fè l vre, kit li pa fè l, nonm lan va mennen madanm lan bay prèt la, epi l'a pote ofrann madanm lan gen pou fè nan ka sa a: se va de liv farin lòj. Li p'ap bezwen vide lwil sou li, ni li p'ap bezwen mete lansan sou li, paske se yon ofrann l'ap fè paske li sispèk kichòy, se yon ofrann l'ap fè pou l ka konn verite a. Apre sa, prèt la va fè madanm lan pwoche vin kanpe devan lotèl Senyè a. Prèt la va pran ti gout dlo nan kivèt la, l'a mete l nan yon veso fèt an fè, l'a pran yon priz pousyè tè nan Tant Randevou a, l'a mete l nan dlo a. Lèfini, l'a fè madanm lan kanpe devan lotèl Senyè a, l'a dekwafe li epi l'a mete ofrann farin lan nan mitan plamen li. Prèt la menm va kenbe nan men li veso ki gen dlo anmè a, dlo k'ap rale madichon an. Prèt la va mande madanm lan pou li sèmante. L'a di li konsa: Si ou pa bay lòt gason kouche ak ou, si ou pa lage kò ou nan dezòd ki pou ta mete ou nan kondisyon pou pa ka fè sèvis Bondye, ou mèt bwè dlo anmè sa a, dlo ki rale madichon an, anyen p'ap rive ou. Men si ou te lage kò ou nan dezòd vre, si ou pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye paske gason ki pa mari ou te kouche ak ou, se pou Senyè a fè tout moun pran non ou sèvi madichon. Se pou li fè ou pa janm ka fè pitit. Se pou vant ou vin anfle. Se pou dlo anmè ki bay madichon an antre nan vant ou pou fè l anfle, pou l fè ou pa ka janm fè pitit. Madanm lan va reponn: — Mwen dakò. Se pou Senyè a fè m sa vre, si m antò! Lè sa a, prèt la va ekri sèman an yon kote, epi l'a lave kote li te ekri a ak dlo anmè a pou efase sa l te ekri a. Apre sa, l'a fè madanm lan bwè dlo anmè ki bay madichon an, pou dlo a pase nan kò l ba li gwo doulè nan vant. Prèt la va pran ofrann farin lan nan men madanm lan, l'a balanse l devan Senyè a tankou yon ofrann, epi l'a mete l sou lotèl la. Apre sa, l'a pran yon ponyen nan farin lan, l'a ofri l bay Bondye, l'a boule l sou lotèl la. Se konsa l'a mete tout farin lan nèt apa pou Senyè a. Apre sa, l'a fè fanm lan bwè dlo a. Si fanm lan te antò vre, si li te twonpe mari l, dlo a va desann nan kò l, l'a ba li gwo doulè. Vant li va anfle, li p'ap janm ka fè pitit ankò, epi non l va sèvi pou bay madichon. Men, si fanm lan inonsan, si li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, anyen p'ap rive l, l'ap toujou ka fè pitit. Se regleman sa a pou yo swiv lè yon fanm pran gason sou mari l, lè li lage kò l nan dezòd pou l fè sa li pat dwe fè, osinon lè yon nonm sispèk madanm li ap twonpe l. L'a mennen madanm lan devan lotèl Senyè a, epi prèt la va fè sèvis sa a pou madanm lan. Mari a p'ap reskonsab anyen ki ka rive madanm lan. Men madanm lan, si li antò, va pote chay peche l la.