Antan yo la nan plenn Mowab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa: — Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden pou nou antre nan peyi Kanaran an, se pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N'a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n'a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo. N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l paske se mwen menm ki ban nou li pou bitasyon nou.
Li Nonb 33
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Nonb 33:50-53
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo