Nonb 27:1-11

Nonb 27:1-11 HAT98

Lè sa a, te gen nan branch fanmi Manase a senk fi, Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza. Yo tout te pitit fi Zelochad. Zelochad sa a te pitit gason Efè. Efè te pitit gason Galarad, ki te pitit gason Maki, ki li menm te pitit gason Manase, ki te pitit gason Jozèf. Medam yo vini, yo kanpe devan Moyiz ak Eleaza, prèt la, devan cèf fanmi yo ak devan tout pèp la, devan pòt Tant Randevou a, epi yo di: — Papa nou mouri nan dezè a san li pa kite okenn pitit gason. Li pat fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Senyè a. Se poutèt pwòp peche pa l yo kifè li mouri san li pat gentan gen pitit gason. Se pa paske papa nou pat gen pitit gason kifè pou non li disparèt nan fanmi an. Ban nou yon pòsyon tè tou nan mitan fanmi papa nou. Moyiz al pale koze a avèk Senyè a. Senyè a di l konsa. — Pitit fi Zelochad yo gen rezon. W'a ba yo yon pòsyon tè ki va rete pou yo nan mitan fanmi papa yo. W'a ba yo pòsyon tè ki te pou papa yo a. Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Si yon moun mouri san li pa kite pitit gason, n'a renmèt pòsyon tè pa l la bay pitit fi li yo. Si li pa gen pitit fi, n'a renmèt pòsyon tè pa l la bay frè l yo. Si li pa gen frè, n'a renmèt tè a bay frè papa l yo. Si papa l pat gen frè, n'a renmèt li bay fanmi pi pre l la. Epi tè a va rete pou li. Se pou moun pèp Izrayèl yo swiv regleman sa a tankou yon lwa, jan mwen menm Senyè a, mwen te bay Moyiz lòd la.