Moun pèp Izrayèl yo kite kote yo te ye a, y'al moute kan yo nan plenn Mowab, ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
Lè wa Balak, pitit Zipò, wè tou sa moun pèp Izrayèl yo te fè moun Amori yo, li menm ak tout moun pèp Mowab yo te vin pè pèp Izrayèl la kou chat, paske moun pèp Izrayèl yo te anpil anpil. Moun Mowab yo pale ak chèf fanmi moun Madyan yo, yo di yo:
— Bann moun sa yo pral manje tou sa ki alantou nou, tankou bèf k'ap manje zèb nan savann.
Lè sa a, se Balak, pitit Zipò, ki te wa peyi Mowab. Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men konmisyon li te voye ba li:
— Men, gen yon pèp la a ki sòti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Kounyeya, men yo kanpe toupre lòt bò fontyè peyi mwen an. Tanpri, vini non. Vin madichonnen yo pou mwen, paske yo pi fò pase m. Lè sa a, ou pa janm konnen, m'a ka bat yo, m'a mete yo deyò nan peyi a. Paske mwen konnen lè ou beni yon moun, li beni nèt, Konsa tou, lè ou bay yon moun madichon, li madichonnen nèt.
Se konsa, chèf fanmi moun Mowab yo ak chèf fanmi moun Madyan yo pati. Yo te pote ak yo sa ki te nesesè pou peye konsiltasyon an. Yo rive kay Balaram, epi yo ba li konmisyon Balak la.