Nonb 22:1-20

Nonb 22:1-20 HAT98

Moun pèp Izrayèl yo kite kote yo te ye a, y'al moute kan yo nan plenn Mowab, ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko. Lè wa Balak, pitit Zipò, wè tou sa moun pèp Izrayèl yo te fè moun Amori yo, li menm ak tout moun pèp Mowab yo te vin pè pèp Izrayèl la kou chat, paske moun pèp Izrayèl yo te anpil anpil. Moun Mowab yo pale ak chèf fanmi moun Madyan yo, yo di yo: — Bann moun sa yo pral manje tou sa ki alantou nou, tankou bèf k'ap manje zèb nan savann. Lè sa a, se Balak, pitit Zipò, ki te wa peyi Mowab. Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men konmisyon li te voye ba li: — Men, gen yon pèp la a ki sòti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Kounyeya, men yo kanpe toupre lòt bò fontyè peyi mwen an. Tanpri, vini non. Vin madichonnen yo pou mwen, paske yo pi fò pase m. Lè sa a, ou pa janm konnen, m'a ka bat yo, m'a mete yo deyò nan peyi a. Paske mwen konnen lè ou beni yon moun, li beni nèt, Konsa tou, lè ou bay yon moun madichon, li madichonnen nèt. Se konsa, chèf fanmi moun Mowab yo ak chèf fanmi moun Madyan yo pati. Yo te pote ak yo sa ki te nesesè pou peye konsiltasyon an. Yo rive kay Balaram, epi yo ba li konmisyon Balak la. Balaram di yo: — Bon. Nou mèt pase nwit la isit la. Denmen m'a ban nou repons mwen dapre sa Senyè a va fè m konnen. Se konsa, chèf fanmi moun Mowab yo rete lakay Balaram. Bondye vin bò kote Balaram, li di l konsa: — Ki moun sa yo ki lakay ou a? Balaram reponn: — Se Balak, pitit Zipò a, wa peyi Mowab, ki voye yo vin di m: Men gen yon pèp ki sòti nan peyi Lejip k'ap mache pran tout peyi pou yo. Tanpri, vini ba yo madichon pou li. Konsa, l'a ka rive bat yo, l'a ka mete yo deyò nan peyi a. Men Bondye di Balaram konsa: — Piga ou ale ak mesye sa yo, tande. Piga ou bay pèp Izrayèl la madichon, paske se mwen ki beni yo. Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, l'al jwenn moun Balak te voye yo, li di yo: — Tounen lakay nou, paske Senyè a pa vle kite male ak nou. Se konsa chèf moun Mowab yo leve, yo tounen bò kote Balak, yo di l konsa: — Balaram refize vini avèk nou! Lè sa a, Balak voye yon bann lòt chèf kote Balaram ankò. Men, fwa sa a chèf sa yo te pi plis, epi yo te pi grannèg pase premye yo. Mesye yo leve vre, y'ale bò kote Balaram, epi yo di l konsa: — Men sa Balak, pitit Zipò a, voye di ou: Tanpri, pa kite anyen anpeche ou vin bò kote m. Gade: m'ap kite anpil bèl bagay pou ou. M'ap fè tou sa ou di m fè. Tanpri, vini non! Vin bay pèp sa a madichon pou mwen. Men, Balaram reponn moun Balak yo, li di yo: — Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen, ni lou ni lejè, ki pou fè m dezobeyi lòd Senyè a, Bondye mwen an. Yon sèl bagay, nou mèt dòmi isit la aswè a, pou m ka konnen si Senyè a gen lòt bagay li vle di m ankò. Jou lannwit sa a, Bondye vin jwenn Balaram, epi li di l konsa: — Si se chache mesye sa yo vin chache ou, ou mèt leve ale ak yo. Men, se sa mwen di ou fè ase pou ou fè.