Kore, pitit gason Iza, moun laras Levi nan fanmi Keyat la, pran tèt Datan ak Abiram, pitit gason Eliyab yo ansanm ak One, pitit gason Pelèt, twa moun laras Riben. Yo revòlte kont Moyiz. Te gen desansenkant (250) lòt moun nan pèp Izrayèl la avèk yo. Mesye sa yo, se te chèf pèp la menm te chwazi, moun ki te fè pati konsèy pèp la, chèf moun yo te konsidere anpil. Yo tout reyini devan Moyiz ak Arawon, yo di yo konsa: — Aa non mesye, sa se twòp atò! Tout moun nan kominote a, se pou Senyè a y'ap viv. Senyè a nan mitan nou tout. Atò poukisa, nou menm, Moyiz ak Arawon, nou pran pòz chèf nou konsa anwo pèp Senyè a?
Li Nonb 16
Koute Nonb 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Nonb 16:1-3
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo