Nonb 14:5-24

Nonb 14:5-24 HAT98

Lè Moyiz ak Arawon wè sa, yo tonbe fas atè devan tout pèp la ki te sanble la a. Lè sa a, de nan espyon yo, Jozye pitit Noun ak Kalèb pitit Jefoune, frape pye yo atè sitèlman yo te fache. Epi yo di pèp la: — Peyi nou te al vizite a se yon bon bon peyi. Si Senyè a vle fè sa pou nou, l'ap fè nou antre nan peyi a, l'ap ban nou li. Se yon peyi ki rich anpil, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Sèlman, pa kenbe tèt ak Senyè a! Nou pa bezwen pè moun k'ap viv nan peyi sa a. N'ap manje yo tankou kann. Bondye ki t'ap pwoteje yo a kouri mete deyò. Men Senyè a kanpe la avèk nou. Nou pa bezwen pè yo. Lè sa a, tout pèp la ranmase wòch pou yo kalonnen Jozye ak Kalèb. Men, lamenm pouvwa Bondye a parèt anwo Tant Randevou a, li fè tout pèp la wè l. Senyè a di Moyiz konsa: — Kilè pèp sa a va sispann meprize mwen? Kilè y'a sòti pou yo fè m konfyans? Gade tout bèl bagay mwen te fè pou yo. Malgre sa, yo pa vle kwè m toujou! M'ap voye yon sèl epidemi sou yo, m'ap touye yo tout. M'ap anpeche yo pran posesyon tè ki pou yo a. Men ou menm, m'ap fè ou tounen yon nasyon k'ap pi gwo, k'ap pi fò pase yo. Men, Moyiz di Senyè a konsa: — Se ou menm ak fòs ponyèt ou ki te fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip la. Lè moun peyi Lejip vin konnen sa ou pral fè pèp la, y'a rakonte li bay moun Kanaran yo. Yo menm tou, yo deja konnen se ou menm, Senyè, ki kanpe la nan mitan pèp la, se ou menm ki parèt aklè devan je yo, se nyaj ou, granmèt, ki rete anwo yo. Se ou menm ki t'ap mache devan yo lajounen nan yon gwo nwaj sou fòm yon poto, lannwit nan yon gwo flanm dife sou fòm yon poto tou. Kounyeya, si ou rete konsa ou touye tout pèp ou a, moun lòt nasyon yo ki te tande pale ki kalite moun ou ye, yo pral di se kapab ou pa te kapab mennen pèp la nan peyi ou te sèmante w'ap ba yo a kifè ou touye yo nan dezè a. Non. Senyè! Se kounyeya pou ou fè wè gwo pouvwa ou la, jan ou te pwomèt li a, lè ou te di: Se mwen menm ki Senyè a, mwen pa an kòlè fasil, mwen p'ap janm sispann renmen nou. M'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal ak sa nou te dwe fè nou pa fè. Men, mwen pa nan kase fèy kouvri sa ak pèsonn. Si yon moun fè yon bagay mal, m'ap pini pitit li, pitit pitit li, ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon. Tanpri, jan ou gen bon kè sa a, padonnen sa pèp la fè ki mal la, menm jan ou te pran pasyans ak yo depi yo kite peyi Lejip jouk yo rive isit la. Senyè a di: — M'ap padonnen yo, jan ou mande m lan. Men, menm jan ou wè mwen vivan an, menm jan ou wè pouvwa mwen toupatou sou latè, okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m lè m pale ak yo. Yo p'ap menm wè peyi mwen te sèmante mwen t'ap bay zansèt yo a. Yo tout ki vire do ban mwen yo, yo yonn p'ap wè peyi a. Men, paske Kalèb, sèvitè m lan, pa aji tankou yo, li swiv mwen san gad dèyè, m'ap fè l antre nan peyi li te al rekonèt la. Pitit pitit li yo va pran peyi a pou yo.