Dakò! Mwen te sèmante mwen t'ap fè nou al rete nan peyi a. Men nou yonn p'ap gen chans lan, esepte Kalèb pitit Jefoune ak Jozye pitit Noun. Nou te di pitit pitit nou yo pral tonbe anba men lènmi nou yo. Men, se yo menm m'ap fè antre nan peyi nou menm nou refize al pran an. Men, nou menm, y'ape antere nou isit nan dezè a. Pitit nou yo pral moute desann nan tout dezè a. Pandan karant lanne, y'a peye pou vire nou te vire do ban mwen an, jouk nou tout nèt n'a fin mouri nan dezè a. Nou menm, n'a peye konsekans peche nou an pandan karant lanne, yon lanne pou chak jou nan karant jou nou te pase ap vizite peyi a. Lè sa a, n'a konnen sa sa vle di lè m vire do bay moun.
Li Nonb 14
Koute Nonb 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Nonb 14:30-34
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo