Senyè a di: — M'ap padonnen yo, jan ou mande m lan. Men, menm jan ou wè mwen vivan an, menm jan ou wè pouvwa mwen toupatou sou latè, okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m lè m pale ak yo. Yo p'ap menm wè peyi mwen te sèmante mwen t'ap bay zansèt yo a. Yo tout ki vire do ban mwen yo, yo yonn p'ap wè peyi a. Men, paske Kalèb, sèvitè m lan, pa aji tankou yo, li swiv mwen san gad dèyè, m'ap fè l antre nan peyi li te al rekonèt la. Pitit pitit li yo va pran peyi a pou yo.
Li Nonb 14
Koute Nonb 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Nonb 14:20-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo