Nonb 13:27-28
Nonb 13:27-28 HAT98
Yo di Moyiz konsa: — Nou vizite toupatou nan peyi ou te voye nou al chache konnen an. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se vre wi. Gade fwi nou jwenn ladan l. Men, moun ki rete nan peyi a grannèg anpil. Lavil yo gran, yo byen pwoteje. Sa ki pi rèd nou wè yon kalite ras moun grannèg bèl wotè.

