Nonb 11:4-35

Nonb 11:4-35 HAT98

Bann etranje nan mitan pèp Izrayèl la te anvi manje vyann. Pèp la menm te pran plenyen ankò, yo t'ap di: — Ki moun k'ap fè nou jwenn vyann pou nou manje koulyeya? Jan nou te konn jwenn pwason pou piyay nan peyi Lejip! Nou chonje kalite bon konkonm, bon melon, bon powo, zonyon ak lay nou te konn manje! Men kounyeya, se deperi n'ap deperi. Nou pa gen anyen pou nou manje, anyen menm pase lamàn lan ki devan je nou tout tan! Lamàn lan te gen fòm grenn pitimi, li te blan epi ou ta di se gonm lamveritab. Pèp la ale toupatou, li ranmase yo. Apre sa, oubyen li te pase yo nan moulen wòch, oubyen li te pile yo nan pilon pou fè farin. Lèfini, yo tchwit li nan chodyè, yo fè gato plat avè l. Li te gen menm gou avèk pen ki fèt ak lwil oliv. Se lannwit lamàn lan te konn tonbe nan kan an, menm lè ak lawouze. Moyiz te tande jan pèp la t'ap plenyen, chak moun ak fanmi yo devan papòt tant yo. Senyè a te fache anpil sou moun yo. Sa te fè Moyiz lapenn. Lè sa a, Moyiz di Senyè a konsa: — Poukisa ou aji mal avè m konsa? Kisa m fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen? Eske se mwen ki papa yo? Eske se mwen ki manman yo? Poukisa w'ap mande m pou mwen pote yo sou lestonmak mwen tankou nouris k'ap bay timoun tete, jouk yo rive nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap ba yo a? Kote pou m jwenn vyann pou m bay tout moun sa yo? Y'ap plede plenyen nan zòrèy mwen, y'ap mande m pou m ba yo vyann pou yo manje. Mwen pa kapab reskonsab tout pèp sa a pou kont mwen. Chay la twò lou pou mwen. Si se konsa w'ap aji avè m, tanpri, fè m favè sa a: pito ou tou touye m fin ak sa, pou m pa wè m'ap pase tout malè sa a. Senyè a di Moyiz konsa: — Sanble swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, moun ou konnen ki gen otorite sou pèp la, ki konn bout yo. Mennen yo nan Tant Randevou a. Fè yo rete kanpe la avèk ou. M'ap desann epi m'a pale avè ou. M'a pran ti gout nan lespri mwen te ba ou a, m'a ba yo. Konsa, y'a ede ou pote reskonsabilite pèp la, ou p'ap pote chay la pou kont ou ankò. W'a di pèp la menm: Pran nwit la pou nou pare kò nou pou nou ka fè sèvis pou mwen denmen maten. Epi n'a jwenn vyann pou nou manje. Senyè a te tande jan nou t'ap plenyen nan zòrèy li, jan nou t'ap di nou ta renmen jwenn vyann pou nou manje. Nou te pi bon lè nou te nan peyi Lejip. Kounyeya, Senyè a pral ban nou vyann. Se pou nou manje l ban mwen. Se pa sèlman yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni dis jou, ni ven jou n'a jwenn vyann sa a pou nou manje. Se va pandan tout yon mwa. N'a gen pou nou manje l jouk la sòti nan twou nen nou, jouk n'a rebite l, paske nou te vire do bay Bondye ki te la nan mitan nou an, nou t'ap plenyen nan zòrèy li, nou t'ap di nou pat dwe janm sòti kite peyi Lejip. Moyiz di Senyè a: — Se sisanmil (600.000) moun wi ki sou kont mwen. Epi ou di w'ap ba yo vyann kont pou yo manje yon mwa. Kote pou yo jwenn kantite mouton ak bèf pou touye ki pou ta kont pou yo? Si yo ta ka ranmase tout pwason ki nan lanmè, ou kwè li ta ase pou yo? Senyè a di Moyiz: — Pa gen bagay mwen vle fè mwen pa ka fè! Talè konsa w'a wè si sa m di a p'ap rive vre. Se konsa Moyiz sòti, li di pèp la tou sa Senyè a te di l. Li pran swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe fè wonn kay Bondye a. Senyè a desann nan yon nyaj, li pale ak Moyiz ankò. Apre sa, li pran ti gout nan lespri li te bay Moyiz la, li bay swasanndis chèf yo. Lè lespri a vin sou yo, yo tonbe pale tankou pwofèt yo sou tout kalite bagay. Apre sa, yo sispann. Te gen de nan chèf fanmi yo te chwazi yo ki te rete nan kan an. Yo pat ale nan kay Bondye a. Yonn te rele Eldad, lòt la Medad. Lespri a te desann sou yo tou, yo t'ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an. Yon jenn gason kouri al di Moyiz men Eldad ak Medad ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an. Lè sa a Jozye, pitit gason Noun lan, ki te adjwen Moyiz nan tou sa l t'ap fè depi li te jenn tibway, pran lapawòl, li pale ak Moyiz, li di l konsa: — Mesye Moyiz, fè yo sispann non! Moyiz reponn li: — Kouman? Ou genlè w'ap fè jalouzi pou mwen? Pa pito Senyè a te mete lespri l sou tout pèp la pou yo te ka pale tankou pwofèt! Apre sa, Moyiz tounen nan kan an ansanm ak swasanndis chèf fanmi yo. Apre sa, Senyè a fè yon sèl van soufle sot nan lanmè, li bwote yon bann zòtolan ki vin tonbe toupatou nan kan kote moun yo te rete a ak toutotou kan an. Yon moun ta gendwa mache tout yon jounen nan nenpòt direksyon anvan pou l ta kite kote zòtolan yo te tonbe a. Zòtolan yo te fè pil rive twa pye wotè sou tè a. Pèp la pase tout jounen an, tout nwit la, ak tout jounen denmen an ap ranmase zòtolan. Sa ki te ranmase pi piti a te ranmase dis barik pou tèt pa l. Yo blayi yo atè toupatou nan kan an pou mete yo cheche. Yo te fenk konmanse manje vyann, lè Senyè a fè kòlè sou pèp la, li lage yon sèl epidemi sou yo pou pini yo. Yo rele kote sa a: Simityè Grangou, paske se la yo te antere tout moun nan pèp la ki t'ap plenyen pou vyann. Apre sa, pèp la kite Simityè Grangou kote yo te ye a, yo pati pou Azewòt kote yo moute kay yo.