Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Senyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs! Tout moun Levi yo pran mache nan mitan tout pèp la pou fè yo pe. Yo t'ap di yo: — Pe bouch nou, mezanmi! Siye dlo nan je nou! Jou sa a se yon jou apa pou Bondye li ye! Se konsa tout pèp la al lakay yo, yo manje, yo bwè, yo separe sa yo genyen ak lòt moun. Tout moun te kontan, yo t'ap fè fèt, paske yo te konprann sa yo te li pou yo nan liv la.
Li Neyemi 8
Koute Neyemi 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Neyemi 8:10-12
4 Jou
Lajwa se yon don Bondye bay chak kretyen, menm nan mitan difikilte lavi yo. Nan gid lekti sa a, nou pral etidye ansanm kijan nou ka viv ak yon kè ki ranpli ak lajwa, malgre sikonstans yo. Avèk egzanp Biblik, nou pral aprann koute vwa Bondye ki pote lapè, espwa, ak kontantman nan lavi nou chak jou.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo