Se konsa, apre senkannde jou travay, ranpa a te fin repare. Lè sa a, nou te rive sou vennsenkyèm jou nan mwa Eloul la. Lè lènmi nou yo vin konn sa, lè moun lòt nasyon k'ap viv nan vwazinay nou yo wè sa, yo te wont. Yo rekonèt si travay la te fini se paske Bondye nou an te vle l. Pandan tout tan sa a, chèf peyi Jida yo te kenbe kontak ak Tobija. Yonn t'ap voye lèt bay lòt. Te gen anpil moun nan peyi Jida a ki te pou Tobija paske se bofis Chekanya, pitit Arak la, li te ye. Lèfini Jokanan, pitit gason li a, te marye ak pitit fi Mechoulam, pitit Berekya a. Yo te konn ap fè lwanj Tobija devan m, yo t'ap di tout bèl bagay Tobija te fè. Epi apre sa, y'al rapòte l tou sa m te di. Tobija menm t'ap voye lèt ban mwen pou kraponnen m.
Li Neyemi 6
Koute Neyemi 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Neyemi 6:15-19
4 Jou
Neyemi te gen misyon pou rekonstwi miray Jerizalèm nan apre destriksyon li. Avèk kouraj, lafwa, ak lidèchip, li te dirije pèp Izrayèl la malgre opozisyon ak difikilte li te jwenn. Pandan kat jou sa yo, nou pral aprann enpòtans lapriyè, travay ekip, ak rezistans devan advèsite pandan n ap reflechi sou fason Bondye te sèvi ak lidèchip Neyemi pou akonpli plan Li.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo