Sanbala, Tobija, Gechèm, moun peyi Arabi a, ansanm ak tout rès lènmi nou yo vin konnen nou te fin rebati miray la. Pat gen okenn twou ladan l ankò. Men lè sa a, nou pat ankò moute gwo batan pòtay yo. Sanbala ak Gechèm voye yon mesaje vin di m yo ta renmen kontre avè m lavil Ak-Kefirim, nan Fon Ono a. Men yo menm, yo t'ap chache yon jan pou yo fè m mal. Se konsa mwen voye mesaje bò kote yo avèk repons sa a: — M okipe ak yon travay enpòtan, m pa ka desann. Si m kite travay la pou m ale kote nou, li pral sispann. An kat fwa, yo voye fè m menm envitasyon an. Chak fwa, mwen voye menm repons lan ba yo. Lè sa a, Sanbala voye yon senkyèm mesay ban mwen. Men fwa sa a, li renmèt yon lèt nan yon anvlòp tou louvri bay yonn nan moun k'ap sèvi l yo pou mwen. Men sa ki te nan lèt la: Gen yon sèl bri k'ap kouri nan mitan moun lòt nasyon yo: Se Gechèm ki di m sa. Li tande l ak de zòrèy li. Ou menm ak pèp jwif la, nou fè lide pran lezam. Se poutèt sa n'ap rebati ranpa a. Yo di se ou menm y'a nonmen wa yo. Ou menm rive ranje ak kèk pwofèt pou yo mache fè konnen nan tout lavil Jerizalèm se ou menm ki wa peyi Jida a. Kounyeya, tout bri sa yo pral rive nan zòrèy wa a. Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou vin kote m pou nou fè yon ti pale ansanm sou koze a. Mwen voye reponn li: — Tou sa ou di la a se manti. Se ou menm menm ki fè koze a. Yo t'ap chache kraponnen nou pou rete travay la. Yo t'ap di nan kè yo: Talè konsa y'a dekouraje avèk travay la, li p'ap janm fini. Aa, Bondye! Ban m fòs non! Fè m pa dekouraje!
Li Neyemi 6
Koute Neyemi 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Neyemi 6:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo