Lè lènmi nou yo wè nou te konnen sa yo t'ap konplote a, yo vin konprann Bondye te sòti pou gate plan yo. Apre sa, nou tounen al travay nan miray ranpa a, chak moun bò pa yo. Depi lè sa a, mwatye nan gason yo al nan travay, lòt mwatye a t'ap veye avèk frenn yo, pwotèj pou bra yo, banza yo ak gwo plak fè sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Tout chèf yo te la dèyè pèp Jida a ki t'ap rebati ranpa a. Tout moun ki t'ap bwote materyo te gen zam tou. Yo t'ap travay ak yon men, nan lòt men an yo te kenbe zam yo. Moun ki t'ap travay yo menm te toujou gen yon nepe pase nan ren yo. Nèg ki te konn kònen klewon an te toujou bò kote m. Mwen di chèf yo, majistra yo ansanm ak tout rès pèp la: — Chantye a se yon gwo chantye. Travay la gaye, kifè nou yonn pa pre lòt sou ranpa a. Depi nou tande klewon an bay siyal la, n'a kouri vin sanble bò kote m. Bondye nou an va goumen pou nou. Se konsa, chak jou, depi bajou kase jouk zetwal parèt nan syèl la, mwatye nan nou t'ap mennen travay la sou ranpa a, lòt mwatye a t'ap veye avèk zam yo nan men yo. Nan menm epòk la, mwen pale ak pèp la. Mwen di yo konsa: — Se pou tout moun rete pase nwit lavil Jerizalèm ansanm ak domestik yo. Konsa, n'a pase tout nwit la ap veye. Lajounen, n'a travay. Se konsa, lannwit, nou pa janm wete rad sou nou, ni mwen, ni frè parèy mwen yo, ni domestik nou yo, ni gad kò m yo. Nou tout nou te gen zam nou bò kote nou.
Li Neyemi 4
Koute Neyemi 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Neyemi 4:15-23
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo