Lè m rive lavil Jerizalèm, mwen kite twa jou pase anvan m fè anyen. Apre sa, mwen leve nan mitan lannwit, mwen pran kèk moun pa m avè m. Mwen pati san m pa di pèsonn sa Bondye te ban m lide fè pou lavil Jerizalèm. Sèl bèt nou te pran ak nou, se te bèt pou m moute a. Li te fè nwa. Nou sòti nan pòtay Ti Fon an ki sou bò lwès, nou vire desann nan direksyon sid, nou pase devan Fontenn Dragon an, ak devan pòtay Depotwa a. Sou tout wout la, mwen t'ap egzaminen eta ranpa lavil Jerizalèm lan, kote ki te gen twou ak pòtay dife te boule yo. Mwen vanse pi devan, mwen vire sou bò nò. Mwen pase devan pòtay Fontenn lan ak Rezèvwa Wa a. Lè m rive la, bèt mwen te moute a pat ka jwenn kote pou l pase. Nan fènwa a, mwen pase nan Ravin lan, mwen moute nan direksyon nò. Mwen t'ap egzaminen eta miray la byen. Apre sa, mwen kase tèt tounen sou menm chemen m te pase a, mwen antre nan lavil la, nan pòtay Ti-Fon an.
Okenn chèf lavil la pa te konnen kote mwen t' ale, ni sa mwen t' ale fè. Lè sa a, mwen pa t'ankò di Jwif yo anyen: Ni prèt yo, ni chèf yo, ni majistra yo, ni okenn lòt moun ki te reskonsab travay reparasyon yo. Men lè sa a, mwen di yo:
— Nou wè nan ki traka nou ye avèk lavil Jerizalèm k'ap fin kraze nan men nou avèk pòtay boule li yo. Vini non! Ann al rebati miray ranpa lavil la! Moun va sispann fè nou wont.
Lè sa a, mwen fè yo konnen kijan Bondye te la avèk mwen pou pwoteje mwen, epi tou sa lanperè a te di mwen. Yo reponn:
— Bon. Annavan! Ann al rebati!
Epi yo ranje kò yo pou mete men nan travay la. Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon an, Tobija, moun Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, ak Gechèm, arab la, vin pran nouvèl la, yo ri nou kont kò yo, epi yo pase nou nan kont betiz yo. Yo di nou:
— Sa n'ap fè la a, mesye? Apa n'ap dezobeyi lòd wa a!
Mwen reponn, mwen di yo:
— Se Bondye nan syèl la k'ap fè nou reyisi nan sa nou vle fè a. Nou menm ki sèvitè Bondye, nou pral konmanse rebati l. Men nou menm, moun lòt nasyon, nou pa gen okenn dwa sou lavil Jerizalèm. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Pèsonn pa janm nonmen non nou nan koze lavil Jerizalèm.