Lè sa a, lanperè Atagzèsès te gen ventan depi li t'ap gouvènen. Nou te nan mitan mwa mas-avril. Jou sa a, se te tou pa mwen pou m'te sèvi lanperè a diven. Mwen pote bwason ba li. Li pa te janm wè mwen parèt kagou konsa devan l. Epi li di m konsa: — Ki jan figi ou fè rale konsa? Se pa malad ou malad? Kisa k'ap fè ou lapenn konsa? Lè sa a m'ap mande nan kè m sa ki pral rive m. Mwen reponn li: — Mwen swete, o lanperè, pou ou viv lontan! Men kijan m'ta fè pa kagou a, lè lavil kote zansèt mwen yo antere a ap fin kraze, lè tout pòtay li yo fin boule rapyetè a? Lanperè a di mwen: — Kisa ou ta renmen mwen fè pou ou? Mwen lapriyè Bondye nan syèl la nan kè mwen. Epi mwen reponn li: — Si sa fè lanperè plezi, si lanperè kontan jan m'ap sèvi li, tanpri, kite mwen ale peyi Jida, nan vil kote zansèt mwen yo antere pou mwen ka rebati li. Lanperè a te chita ak premyedam lan bò kote li, li mande mwen: — Konbe tan vwayaj la pral pran ou? Kilè w'ap tounen? Mwen di li konbe tan sa ka pran mwen. Epi li dakò pou li kite mwen ale.
Li Neyemi 2
Koute Neyemi 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Neyemi 2:1-6
4 Jou
Neyemi te gen misyon pou rekonstwi miray Jerizalèm nan apre destriksyon li. Avèk kouraj, lafwa, ak lidèchip, li te dirije pèp Izrayèl la malgre opozisyon ak difikilte li te jwenn. Pandan kat jou sa yo, nou pral aprann enpòtans lapriyè, travay ekip, ak rezistans devan advèsite pandan n ap reflechi sou fason Bondye te sèvi ak lidèchip Neyemi pou akonpli plan Li.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo