Yon jou, pandan yo t'ap li nan liv lalwa Moyiz la pou pèp la, yo rive yon kote ki di: Moun Amon yo ak moun Mowab yo pa janm gendwa mete pwent pye yo kote pèp Bondye a sanble. Paske moun Amon ak moun Mowab yo te refize bay moun pèp Izrayèl yo pen ak dlo lè yo t'ap kite peyi Lejip la. Okontrè yo bay Balaram lajan pou li te madichonnen yo. Men bondyefè tou, Bondye nou an vire madichon an, li fè li tounen benediksyon. Lè moun pèp Izrayèl yo tande sa yo te li nan liv lalwa a, yo pran tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo mete yo deyò. Anvan tout bagay sa yo, se Elyachib, yonn nan prèt yo, yo te mete reskonsab chanm depo magazen Tanp lan. Li te fanmi prèt Tobija. Se konsa li pran yonn nan gwo chanm depo kote yo te konn mete ofrann yo, lansan an, veso ki sèvi nan Tanp lan, ofrann ladim sou ble a, sou diven nivo a ak sou lwil, ofrann yo te fè pou moun Levi yo, pou mizisyen yo ak pou gad pòtay yo, ansanm ak pòsyon yo mete apa pou prèt yo, li fè ranje chanm lan pou Tobija. Pandan tout bagay sa yo t'ap pase, mwen pa te lavil Jerizalèm paske, lè lanperè Atagzèsès rive sou tranndezan depi li t'ap gouvènen, nou te fè yon vwayaj al bò kote li. Kèk tan apre sa, li ban mwen otorizasyon ankò
Li Neyemi 13
Koute Neyemi 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Neyemi 13:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo