Lè m tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la. Mwen di: — Aa, Senyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo. Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou kounyeya, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche. Nou aji mal anpil avè ou. Nou pa swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout regleman ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, pou nou.
Li Neyemi 1
Koute Neyemi 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Neyemi 1:4-7
4 Jou
Neyemi te gen misyon pou rekonstwi miray Jerizalèm nan apre destriksyon li. Avèk kouraj, lafwa, ak lidèchip, li te dirije pèp Izrayèl la malgre opozisyon ak difikilte li te jwenn. Pandan kat jou sa yo, nou pral aprann enpòtans lapriyè, travay ekip, ak rezistans devan advèsite pandan n ap reflechi sou fason Bondye te sèvi ak lidèchip Neyemi pou akonpli plan Li.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo