Men istwa Neyemi, pitit gason Akalya, jan li menm li te rakonte li. Se te nan bò mwa novanm-desanm. Lè sa a, Atagzèsès te gentan sou ventan depi li t'ap gouvènen. Mwenm menm Neyemi, mwen te lavil Souz, kapital peyi a. Anani, yonn nan frè m yo, rive sòti nan peyi Jida ansanm ak kèk lòt moun. Mwen mande yo nouvèl jwif yo, ti ponyen moun pèp Izrayèl ki te sòti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki tounen nan peyi yo a, ansanm ak nouvèl lavil Jerizalèm. Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba a nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo fin kraze. Gwo pòtay yo menm, yo nan menm eta a toujou depi dife te fin boule yo a. Lè m tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la.
Li Neyemi 1
Koute Neyemi 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Neyemi 1:1-4
4 Jou
Neyemi te gen misyon pou rekonstwi miray Jerizalèm nan apre destriksyon li. Avèk kouraj, lafwa, ak lidèchip, li te dirije pèp Izrayèl la malgre opozisyon ak difikilte li te jwenn. Pandan kat jou sa yo, nou pral aprann enpòtans lapriyè, travay ekip, ak rezistans devan advèsite pandan n ap reflechi sou fason Bondye te sèvi ak lidèchip Neyemi pou akonpli plan Li.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo