Senyè a, se yon Bondye jalou ki konn tire revanj. Lè li ankòlè, se pa ti move li move. Li tire revanj li sou tout moun ki kenbe tèt ak li. Li kenbe lènmi li yo nan kè. Senyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. Kote Senyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn. Nyaj yo, se pousyè pye l yo ap leve. Li pase lanmè a lòd: lanmè a cheche. Li cheche dlo larivyè yo. Tout pyebwa nan plenn Bazan ak sou mòn Kamèl ap deperi. Tout flè sou mòn Liban yo ap fennen. Gwo mòn yo tranble lè yo wè l. Ti mòn yo disparèt. Tè a tranble devan l ansanm ak tout moun ki rete sou li. Ki moun ki ka kanpe devan l lè li ankòlè? Ki moun ki ka chape anba men l lè li move? Kòlè Bondye tonbe sou latè tankou dife. Gwo wòch yo tounen pousyè devan li. Men, Senyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li. Tankou yon gwo lavalas k'ap desann, l'ap kraze tout kote lavil la te bati a. L'ap pousib tout lènmi l yo jouk li fini ak yo.
Li Nawoum 1
Koute Nawoum 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Nawoum 1:2-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo