Senyè a di pèp li a: — Lènmi ou yo te mèt anpil, y'ap mouri, sa ap fini pou yo. Mwen te fè nou soufri, men mwen p'ap fè nou sa ankò! Koulyeya, mwen pral kraze pouvwa peyi k'ap peze nou an. M'ap kase tout chenn yo te pran pou mare nou yo. Men lòd Senyè a bay sou moun peyi Lasiri yo: — Yo pral bliye non nou nèt. Mwen pral detwi tout ras nou. M'ap kraze tout estati zidòl nou gen nan tanp bondye nou yo, kit yo te an bwa, kit yo te an fè. M'ap pare yon tonm pou nou. Nou pa vo anyen ankò! Gade! Men yon mesaje k'ap vin sou mòn yo! L'ap pote bòn nouvèl k'ap ban nou kè poze. Nou menm, moun peyi Jida, nou mèt fete tout fèt nou yo! Fè ofrann nou te pwomèt Bondye yo. Mechan an p'ap pase lakay nou ankò. Pouvwa li kaba nèt.
Li Nawoum 1
Koute Nawoum 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Nawoum 1:12-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo