Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: — Si yon moun vle mache dèyè m, se pou l bliye tèt li, se pou l chaje kwa l sou zepòl li epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen ak Bòn Nouvèl la, li va sove li. Yon nonm ki gen lemonn antye pou li, kisa sa ap sèvi li si li vin rive pèdi lavi li? Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l gen lavi? Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m lan, m'a wont pran li pou moun pa m tou.
Li Mak 8
Koute Mak 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 8:34-38
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo