Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Mak 5:25-35

Mak 5:25-35 HAT98

Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan. Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li. Men li pat jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li. Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li. Fanm lan te di nan kè l: Si m kapab manyen ke rad li sèlman, m'a geri. Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò l gaya. Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki sòti nan li. Li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa: — Ki moun ki manyen rad mwen an, en? Disip li yo reponn li: — Ou wè jan foul moun yo ap kwense ou, epi w'ap mande: Ki moun ki manyen ou? Men Jezi t'ap pwonmennen je l toupatou pou wè moun ki te fè l sa a. Fanm lan menm ki te konnen sa k te rive l t'ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l nan pye Jezi. Li di l tout verite a. Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt. Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje sòti kay chèf sinagòg la vin di li: — Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa.

Li Mak 5

Koute Mak 5

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Mak 5:25-35

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo