Jezi ak disip li yo rive lòt bò lanmè Galile a, nan peyi Jerazenyen yo. Jezi desann sòti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm sòti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi. Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pèsonn pat kapab mare l, pa menm avèk chenn. Anpil fwa, yo te mete de pye l' nan yon sèp fè, yo te mare men li tou ak chenn. Men chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sèp la. Pesonn pa te gen fòs ase pou donte li. Tout tan, lajounen kou lannwit, li t'ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou mòn yo. Li t'ap rele san rete, li t'ap kòche kò li ak wòch.
Li te yon bèl distans lè li wè Jezi. Li kouri, li vin mete ajenou devan li. Li pran rele byen fò, li di l konsa:
— Kisa m gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m soufri.
(Li te pale konsa, paske Jezi te pase l lòd sa a: Move lespri, sòti sou nonm lan.)
Lè sa a, Jezi mande li:
— Ki jan ou rele?
Li reponn li:
— Yo rele m Rejiman, paske nou anpil.
Epi li di Jezi:
— Tanpri souple, pa mete nou deyò nan peyi a.
Te gen yon dal kochon ki t'ap manje sou mòn toupre a. Tout move lespri yo pran mande Jezi:
— Tanpri souple, voye nou sou kochon sa yo non pou n antre nan yo.
Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo sòti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil (2.000) kochon konsa nan bann lan.
Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun sòti toupatou vin wè sa k te rive. Lè yo rive bò kote Jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen rejiman move lespri sou li a. Li te chita chita l, byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. Moun ki te asiste bagay la mete rakonte lòt yo sa ki te rive nonm ak move lespri a ansanm ak kochon yo. Lè sa a, yo mande Jezi:
— Tanpri souple, kite peyi a.
Antan Jezi t'ap moute nan kannòt la, nonm ki te gen move lespri a mande l pèmisyon pou l'ale avè l tou. Men, Jezi pat kite l ale, li di l konsa:
— Ale, tounen lakay ou, nan mitan fanmi ou yo. Rakonte yo tou sa Bondye fè pou ou, kijan li te gen pitye pou ou.
Nonm lan pati. L'ale nan tout rejyon Dekapòl la. Li kòmanse rakonte tout sa Jezi te fè pou li. Se te yon gwo sezisman pou tout moun ki te tande l'ap pale.
Jezi tounen lòt bò lanmè a. Li annik desann sòti nan kannòt la, yon foul moun gentan sanble bò kote li. Antan li sou rivay la, Jayiris, yonn nan chèf sinagòg yo, vin rive. Lè Jayiris wè Jezi, li lage kò l nan pye li. Li mande Jezi:
— Pitit fi m lan prèt pou mouri. Tanpri souple, vin mete men ou sou li pou l ka geri. Vin ba l lavi pou mwen.
Jezi pati avèk li. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te kwense l toupatou.
Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan. Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li. Men li pat jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li. Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li. Fanm lan te di nan kè l: Si m kapab manyen ke rad li sèlman, m'a geri. Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò l gaya. Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki sòti nan li. Li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa:
— Ki moun ki manyen rad mwen an, en?
Disip li yo reponn li:
— Ou wè jan foul moun yo ap kwense ou, epi w'ap mande: Ki moun ki manyen ou?
Men Jezi t'ap pwonmennen je l toupatou pou wè moun ki te fè l sa a. Fanm lan menm ki te konnen sa k te rive l t'ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l nan pye Jezi. Li di l tout verite a. Jezi di li:
— Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.
Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje sòti kay chèf sinagòg la vin di li:
— Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa.
Men Jezi pat okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la:
— Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen.
Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pat pèmèt lòt moun swiv li. Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t'ap fè gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye. Lòt menm t'ap plede rele. Li antre nan kay la, li di yo konsa:
— Men poukisa tout bri sa a? Poukisa tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi.
Yo tonbe pase l nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout sòti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a. Li pran men li epi li di li:
— Talita koum, - ki vle di: Tifi, mwen di ou leve.
Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa. Men, Jezi pase yo lòd sevè pou yo pat kite pèsonn konn sa. Apre sa, li di yo:
— Bay ti fi a manje.