Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Mak 14:66-72

Mak 14:66-72 HAT98

Antan Pyè te anba nan lakou a, yonn nan sèvant granprèt la vin rive. Li wè Pyè ap chofe, li gade l byen. Li di l konsa: — Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Nazarèt la? Pyè reponn: — Mwen pa konnen. Mwen pa konprann sa ou vle di la a. Epi Pyè sòti pou l'al nan pyès devan kay la. Menm lè a, yon kòk chante. Menm sèvant lan wè l ankò. Li pran di moun ki te la yo: — Nonm sa a fè pati moun sa yo wi. Men Pyè demanti l ankò. Yon kadè apre, moun ki te la yo di Pyè ankò: — Se vre, monchè. Ou fè pati moun sa yo, ou se moun Galile. Lè sa a, Pyè konmanse di: — Mwen mande Bondye nenpòt bagay rive m si m manti: mwen pa konnen nonm n'ap pale la a. Menm lè a, kòk la chante yon dezyèm fwa. Lè sa a Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l la: anvan kòk chante de fwa, w'a gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Epi li tonbe kriye.

Li Mak 14

Koute Mak 14

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Mak 14:66-72

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo