Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li: se chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo ki te voye yo avèk li. Jida, nonm ki t'ap trayi Jezi a, te gen dizon ak yo pou l ba yo yon siyal. Li te di yo:
— Moun n'a wè m bo a se li menm n'ap chache a. Mete men sou li, mennen li ale, pa kite l chape.
Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li:
— Mèt!
Epi li bo li. Menm lè a, moun yo mete men sou Jezi, yo arete li. Yonn nan disip yo rale nepe l, li frape domestik granprèt la. Li koupe yon zòrèy li. Jezi pran lapawòl, li di yo:
— Nou vin dèyè m ak nepe, ak baton, tankou si m te yon ansasen. Men, toulejou mwen te la nan mitan nou, mwen t'ap pale nan tanp lan. Lè sa a nou pat janm arete mwen. Men, tou sa pase konsa pou sa ki ekri a ka rive vre.
Lè sa a tout disip yo kite l, yo pran kouri.
Te gen yon jenn gason ki t'ap swiv Jezi. Li te gen yon dra ase sou li. Yo mete men sou mesye. Men, li lage dra a, li chape nan men yo toutouni.
Yo mennen Jezi kay granprèt la. Se la tout chèf prèt yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo te reyini. Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen. Li antre jouk nan fon lakou granprèt la. Li chita ak gad yo bò dife a, li t'ap chofe.
Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi pou yo te kondannen l amò, men yo pat kapab jwenn anyen menm. Anpil moun te vin fè manti sou li. Men, pawòl yo pat dakò. Lè sa a, kèk moun leve kanpe, yo fè manti sa a sou li:
— Nou te tande l di: M'a kraze tanp moun te fè a, epi nan twa jou m'a bati yon lòt tanp moun pa ka fè.
Menm sou pwen sa a yo pat dakò. Lè sa a, granprèt la leve nan mitan asanble a, li poze Jezi kèsyon, li di l konsa:
— Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa?
Jezi pa louvri bouch li, li pa reponn anyen. Granprèt la kèsyonnen li ankò, li mande l:
— Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye ki merite lwanj la?
Jezi reponn li:
— Wi, se mwen menm. Nou gen pou nou wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m tou ap vini anwo nyaj yo nan syèl la.
Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di:
— Sa nou bezwen temwen ankò fè? Nou sot tande jan l pale mal sou Bondye. Sa nou di nan sa?
Yo tout deklare Jezi koupab, yo di li merite lanmò. Kèk ladan yo tonbe krache sou li, yo bouche je l, yo pran ba l koutpwen. Lèfini yo di li:
— Si ou konnen di nou ki moun k'ap fè ou sa?
Menm gad yo pran bay Jezi souflèt.
Antan Pyè te anba nan lakou a, yonn nan sèvant granprèt la vin rive. Li wè Pyè ap chofe, li gade l byen. Li di l konsa:
— Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Nazarèt la?
Pyè reponn:
— Mwen pa konnen. Mwen pa konprann sa ou vle di la a.
Epi Pyè sòti pou l'al nan pyès devan kay la. Menm lè a, yon kòk chante.
Menm sèvant lan wè l ankò. Li pran di moun ki te la yo:
— Nonm sa a fè pati moun sa yo wi.
Men Pyè demanti l ankò. Yon kadè apre, moun ki te la yo di Pyè ankò:
— Se vre, monchè. Ou fè pati moun sa yo, ou se moun Galile.
Lè sa a, Pyè konmanse di:
— Mwen mande Bondye nenpòt bagay rive m si m manti: mwen pa konnen nonm n'ap pale la a.
Menm lè a, kòk la chante yon dezyèm fwa. Lè sa a Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l la: anvan kòk chante de fwa, w'a gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Epi li tonbe kriye.