Jezi te Betani, lakay Simon, nèg ki te gen lalèp la. Pandan li te atab, yon madamn vin antre. Li te pote yon ti boutèy pòslèn plen losyon byen chè. Madamn lan dekachte boutèy la, li vide tout losyon an sou tèt Jezi. Nan moun ki te la yo, gen ladan yo ki pat kontan menm, yonn t'ap di lòt: — Poukisa tout gaspiyay odè sa a? Yo ta kapab vann li twasan (300) goud pou pi ba pri, epi yo ta bay pòv lajan an. Yo t'ap kritike fanm lan byen fò. Men Jezi di yo: — Kite l an repo. Poukisa n'ap fè l tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a pou mwen. Pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Chak fwa nou vle, nou ka fè byen pou yo. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m tout tan avèk nou. Fanm lan fè sa l te kapab. Depi davans li tou benyen kò m pou lantèman mwen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse Bòn Nouvèl la, y'a rakonte tou sa fanm lan fè la a pou yo pa janm bliye li.
Li Mak 14
Koute Mak 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 14:3-9
21 Days
Start your new year with a focus on the spiritual discipline of fasting. This plan includes several passages about fasting and others that encourage reflection and closeness to God. For 21 days, you'll get a daily Bible reading, a brief devotional, reflection questions, and a prayer focus. For more content, check out www.finds.life.church.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo