Mak 14:27-42

Mak 14:27-42 HAT98

Jezi di disip li yo: — Nou tout, nou pral bandonnen mwen poukont mwen. Paske men sa ki ekri: - M'ap frape gadò mouton yo, epi tout mouton yo pral gaye. Men apre, lè m'a leve sòti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile. Pyè di li: — Menm si tout moun ta kouri kite ou, mwen menm mwen p'ap janm fè sa. Jezi reponn li: — Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Jòdi a menm, pandan lannwit sa a, anvan kòk chante de fwa, w'a gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Men, Pyè t'ap kenbe tèt, li t'ap di: — Menm si mwen ta dwe mouri ak ou, mwen p'ap janm di sa. Tout lòt disip yo t'ap repete menm bagay la tou. Apre sa, yo rive yon kote yo rele Jetsemane. Jezi di disip li yo: — Chita la, mwen pral lapriyè pi devan. Li pran Pyè, Jak ak Jan avè li. Lamenm, li santi yon frison nan rèl do l ak yon kè sere ki pran li. Li di yo: — Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri mwen vle mouri. Rete la a, pa kite dòmi pran nou. Lale yon ti kras pi lwen, li lage kò l fas atè, li lapriyè. Li mande si se posib pou l pa ta bezwen soufri tout soufri sa a. Li t'ap di: — O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a. Li tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dòmi. Li di Pyè konsa: — Simon! W'ap dòmi? Ou pat kapab rete je klè menm yon ti moman? Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb. Li kite yo ankò, l'al fè menm lapriyè a. Apre sa, li retounen. Li jwenn yo ap dòmi ankò paske yo pat kapab kenbe je yo louvri. Yo pat konn sa pou yo te reponn li. Lè l tounen twazyèm fwa a, li di yo: — N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou toujou? Sa ase kounyeya. Lè a rive. Men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men mechan yo. Leve non. Men moun ki trayi mwen an ap vini.