Lè solèy fin kouche, Jezi vin rive avèk douz disip yo. Antan yo te chita bò tab la ap manje, Jezi di konsa: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou k'ap manje avèk mwen la a pral trayi mwen. Lè sa a, kè disip yo kase. Yonn apre lòt yo pran mande li: — Eske se mwen menm? Li reponn yo: — Se yonn nan nou douz la k'ap tranpe pen ansanm avè m nan plat la. Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt. Pandan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase pen an separe bay disip yo epi li di yo konsa: — Men, pran. Sa a se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven, li rann gras. Li pase gode a bay disip yo, epi yo bwè. Epi Jezi di yo: — Sa a se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ak nou an, san ki koule pou anpil anpil moun. Sa m'ap di nou la a se vre wi: mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon diven nouvo nan peyi kote Bondye wa a. Fini yo fin chante kantik louwanj Bondye, y'ale mòn Olivye.
Li Mak 14
Koute Mak 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 14:17-26
21 Days
Start your new year with a focus on the spiritual discipline of fasting. This plan includes several passages about fasting and others that encourage reflection and closeness to God. For 21 days, you'll get a daily Bible reading, a brief devotional, reflection questions, and a prayer focus. For more content, check out www.finds.life.church.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo