Antan Jezi t'ap soti nan Tanp lan, yonn nan disip li yo di li konsa: — Mèt, ala bèl kalite wòch! Ala yon gwo batisman! Jezi reponn li: — Ou wè gwo batisman sa a: Yon lè, p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt ladan li. Tou sa pral kraze nèt vide atè. Jezi te chita sou mòn Olivye, vizavi Tanp lan. Pyè, Jak ak Andre te poukont yo ak li. Yo poze li keksyon sa a: — Di nou kilè sa va rive non? Ki siy ki va fè nou konnen lè tout bagay sa a yo gen pou rive? Lè sa a Jezi pran di yo: — Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou. Paske anpil moun ap vin sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun. Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
Li Mak 13
Koute Mak 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 13:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo