Mak 13:1-31

Mak 13:1-31 HAT98

Antan Jezi t'ap soti nan Tanp lan, yonn nan disip li yo di li konsa: — Mèt, ala bèl kalite wòch! Ala yon gwo batisman! Jezi reponn li: — Ou wè gwo batisman sa a: Yon lè, p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt ladan li. Tou sa pral kraze nèt vide atè. Jezi te chita sou mòn Olivye, vizavi Tanp lan. Pyè, Jak ak Andre te poukont yo ak li. Yo poze li keksyon sa a: — Di nou kilè sa va rive non? Ki siy ki va fè nou konnen lè tout bagay sa a yo gen pou rive? Lè sa a Jezi pran di yo: — Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou. Paske anpil moun ap vin sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun. Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman. Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m temwen devan yo. Anvan sa, fòk yo anonse Bòn Nouvèl la bay tout nasyon yo. Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di. Men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou. Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l ak papa l, l'a fè touye yo. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove. Nou gen pou nou wè bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, chita kote l pat dwe ye. (Se pou tout moun k'ap li sa a chache konprann.) Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide va blije al nan mòn. Se pou moun ki sou teras kay yo pa desann, ni antre pran afè yo. Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay yo pou pran rechanj yo. Lè sa a, se p'ap de lapenn pou fanm ansent ak nouris yo. Lapriyè Bondye pou bagay sa yo pa rive nan tan fredi. Paske jou sa a, n'a wè lafliksyon moun poko janm wè depi latè egzis. P'ap janm gen lòt lafliksyon tankou li konsa ankò. Si Mèt la pa te deside wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa t'ap ka sove. Men li wete sou jou sa yo poutèt moun li chwazi mete apa pou li yo. Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Gade, men li lòt bò a, pa kwè li. Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. Y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab. Veye kò nou. Mwen tou di nou tout bagay sa yo davans. Men nan tan sa a, apre jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè. Zetwal yo va sot tonbe nan syèl la, pouvwa yo ki nan syèl la va tranble. Lè sa a, y'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nyaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay. M'a voye zanj mwen yo nan kat kwen latè a pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout tè a jouk nan lòt bout syèl la. Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l konmanse boujonnen, kou l pouse fèy, nou konnen lete sou nou. Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye te voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv kounyeya ki p'ap gentan mouri anvan tout bagay sa yo rive. Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.