Pandan Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan, li di yo: — Ki jan dirèktè lalwa yo fè di Kris la se pitit pitit David li ye? Poutan, men sa David te di (se Sentespri menm ki te fè l di l): Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. Si David rele Kris la Senyè, ki jan pou Kris la ta ka pitit pitit David? Yon pakèt moun t'ap koute Jezi avèk plezi. Nan sa li t'ap moutre moun yo, li di yo konsa: — Pran prekosyon nou avèk dirèktè lalwa sa yo. Yo renmen pwonmennen avèk wòb long yo, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè lè yo sou plas piblik. Lè y'al nan sinagòg, yo chita kote pou tout moun wè yo. Nan resèpsyon yo chache pi bon plas la. Se piye y'ap piye malerèz yo, anmenmtan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Kondannasyon yo pral pi rèd.
Li Mak 12
Koute Mak 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 12:35-40
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo