Mak 12:28-44

Mak 12:28-44 HAT98

Yonn nan dirèktè lalwa yo te tande jan yo t'ap diskite. Li wè Jezi te byen reponn sadiseyen yo. Lè sa a, li pwoche bò kote l, li mande li: — Kilès nan tout kòmandman yo ki pi konsekan an? Jezi reponn li: — Men kòmandman ki pi konsekan an: Koute, nou menm pèp Izrayèl: Mèt la, Bondye nou, se li ki sèl Mèt la. Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lide ou, avèk tout fòs ou. Men dezyèm kòmandman an: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Pa gen lòt kòmandman ki pi konsekan pase sa yo. Lè sa a, dirèktè lalwa a di li: — Se sa menm, Mèt. Sa ou di a se vre. Mèt nou an se sèl Bondye ki genyen. Pa gen lòt pase li. Jan ou di a, se pou nou renmen l ak tout kè nou, tout lespri nou, tout fòs nou, epi se pou nou renmen frè parèy nou tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Sa pi bon lontan pase tout ofrann n'ap boule pou Bondye ansanm ak tout lòt bèt n'ap ofri pou touye pou li. Jezi wè nonm lan te fè l yon repons moun ki gen konprann, lè sa a li di li: — Ou menm, ou pa lwen peyi kote Bondye Wa a non. Apre sa, pèsonn pat gen odas poze l kèsyon ankò. Pandan Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan, li di yo: — Ki jan dirèktè lalwa yo fè di Kris la se pitit pitit David li ye? Poutan, men sa David te di (se Sentespri menm ki te fè l di l): Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. Si David rele Kris la Senyè, ki jan pou Kris la ta ka pitit pitit David? Yon pakèt moun t'ap koute Jezi avèk plezi. Nan sa li t'ap moutre moun yo, li di yo konsa: — Pran prekosyon nou avèk dirèktè lalwa sa yo. Yo renmen pwonmennen avèk wòb long yo, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè lè yo sou plas piblik. Lè y'al nan sinagòg, yo chita kote pou tout moun wè yo. Nan resèpsyon yo chache pi bon plas la. Se piye y'ap piye malerèz yo, anmenmtan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Kondannasyon yo pral pi rèd. Apre sa, Jezi te chita vizavi ak bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li t'ap gade moun yo ap mete lajan ladan li. Plizyè moun rich t'ap mete anpil lajan. Yon pòv vèv vin rive tou. Li lage de ti pyès senk kòb. Lè sa a Jezi rele disip li yo, li di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pòv vèv sa a bay plis pase tout moun ki mete ofrann nan bwat la. Paske, tout moun sa yo mete sa yo pa bezwen. Men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l te genyen, tout sa l te gen pou l viv.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an