Sadiseyen yo se yon gwoup jwif ki di moun mouri pa leve. Yo vin bò kote Jezi ak yon kèsyon. Yo di l konsa: — Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Yon nonm ki gen frè, si l mouri kite madanm li san pitit, frè a gen pou l marye avèk madanm defen an pou li sa fè pitit pou frè l ki mouri a. Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l pa kite pitit. Dezyèm lan marye avèk vèv la. Li mouri tou san l pa kite pitit. Menm bagay la rive twazyèm lan tou. Konsa konsa, tout sèt frè yo marye ak fanm lan epi yo yonn pa kite pitit. Apre yo tout fin mouri, li menm tou fanm lan mouri. Lè mò yo va gen pou yo leve, madanm kilès nan yo li pral ye la a, paske li te madanm tout sèt frè yo? Jezi reponn yo: — Nou nan lerè wi. M'ap di nou poukisa: Nou pa konprann sa ki ekri a, nou pa konnen pouvwa Bondye. Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la. Pou kèsyon mò yo k'ap leve vivan ankò a, eske nou pa li nan Liv Moyiz la sa Bondye te di l bò touf bwa a: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye se Bondye moun vivan li ye, li pa Bondye moun mouri. Nou wè nou nan lerè anpil, pa vre?
Li Mak 12
Koute Mak 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 12:18-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo