Mak 12:1-44

Mak 12:1-44 HAT98

Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. — Vwala se yon nonm ki te gen yon jaden rezen. Nonm lan leve lantouray klotire jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon kay bay moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun pou okipe jaden an. Lèfini li pati l'al nan vwayaj. Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik bò kote moun ki t'ap okipe jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l nan rekòt rezen an nan men yo. Yo mete men sou domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l anyen. Mèt jaden an voye yon dezyèm sèvitè kote yo ankò. Fwa sa a menm, se nan tèt ase yo bat li, epi yo vekse li byen vekse. Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik, yo touye si la a. Li voye anpil lòt ankò: gen sa yo bat, gen sa yo touye. Sèl moun mèt jaden an te rete pou l te voye, se pitit gason li te renmen anpil la. Li voye l an dènye bò kote yo. Li t'ap di nan kè l: Omwen y'a gen respè pou gason m lan. Men mesye yo antann yo yonn ak lòt epi yo di: Men eritye a. Annou fè yon jan ak li. Konsa jaden an va vin pou nou nèt. Yo mete men sou li vre. Yo touye li epi yo jete kadav la deyò jaden an. Bon! Ki aksyon nou kwè mèt jaden an ka fè? L'a vini, l'a fè touye mesye yo epi l'a bay lòt moun travay jaden an. Eske nou pa li pawòl ki ekri a? Mwen sèten nou li l deja: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa. Chèf jwif yo t'ap chache mete men sou Jezi paske yo te konprann byen se pou yo li te bay parabòl sa a. Men yo te pè reyaksyon foul la ka fè sou yo. Se pou sa yo kite li al fè wout li. Yo te voye kèk farizyen ak kèk patizan Ewòd kot Jezi pou wè si yo te ka rache yon pawòl nan bouch li pou antrave li. Yo vin di l konsa: — Mèt, nou konnen ou se moun ki kare, ou pa pè pèsonn, paske ou pa gade sou figi moun. Men, ou moutre chemen Bondye a jan li ye a. Manyè di nou: eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an? Eske nou dwe peye li? Wi ou non? Men Jezi te konnen yo gen lòt lide dèyè tèt yo. Li reponn yo: — Poukisa n'ap chache pran m nan pèlen konsa? Pote yon pyès lajan ban mwen pou m gade yon bagay. Yo pote yon pyès lajan ba li. Jezi mande yo: — Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: — Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a, li di yo: — Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye. Pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò. Sadiseyen yo se yon gwoup jwif ki di moun mouri pa leve. Yo vin bò kote Jezi ak yon kèsyon. Yo di l konsa: — Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Yon nonm ki gen frè, si l mouri kite madanm li san pitit, frè a gen pou l marye avèk madanm defen an pou li sa fè pitit pou frè l ki mouri a. Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l pa kite pitit. Dezyèm lan marye avèk vèv la. Li mouri tou san l pa kite pitit. Menm bagay la rive twazyèm lan tou. Konsa konsa, tout sèt frè yo marye ak fanm lan epi yo yonn pa kite pitit. Apre yo tout fin mouri, li menm tou fanm lan mouri. Lè mò yo va gen pou yo leve, madanm kilès nan yo li pral ye la a, paske li te madanm tout sèt frè yo? Jezi reponn yo: — Nou nan lerè wi. M'ap di nou poukisa: Nou pa konprann sa ki ekri a, nou pa konnen pouvwa Bondye. Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la. Pou kèsyon mò yo k'ap leve vivan ankò a, eske nou pa li nan Liv Moyiz la sa Bondye te di l bò touf bwa a: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye se Bondye moun vivan li ye, li pa Bondye moun mouri. Nou wè nou nan lerè anpil, pa vre? Yonn nan dirèktè lalwa yo te tande jan yo t'ap diskite. Li wè Jezi te byen reponn sadiseyen yo. Lè sa a, li pwoche bò kote l, li mande li: — Kilès nan tout kòmandman yo ki pi konsekan an? Jezi reponn li: — Men kòmandman ki pi konsekan an: Koute, nou menm pèp Izrayèl: Mèt la, Bondye nou, se li ki sèl Mèt la. Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lide ou, avèk tout fòs ou. Men dezyèm kòmandman an: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Pa gen lòt kòmandman ki pi konsekan pase sa yo. Lè sa a, dirèktè lalwa a di li: — Se sa menm, Mèt. Sa ou di a se vre. Mèt nou an se sèl Bondye ki genyen. Pa gen lòt pase li. Jan ou di a, se pou nou renmen l ak tout kè nou, tout lespri nou, tout fòs nou, epi se pou nou renmen frè parèy nou tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Sa pi bon lontan pase tout ofrann n'ap boule pou Bondye ansanm ak tout lòt bèt n'ap ofri pou touye pou li. Jezi wè nonm lan te fè l yon repons moun ki gen konprann, lè sa a li di li: — Ou menm, ou pa lwen peyi kote Bondye Wa a non. Apre sa, pèsonn pat gen odas poze l kèsyon ankò. Pandan Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan, li di yo: — Ki jan dirèktè lalwa yo fè di Kris la se pitit pitit David li ye? Poutan, men sa David te di (se Sentespri menm ki te fè l di l): Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. Si David rele Kris la Senyè, ki jan pou Kris la ta ka pitit pitit David? Yon pakèt moun t'ap koute Jezi avèk plezi. Nan sa li t'ap moutre moun yo, li di yo konsa: — Pran prekosyon nou avèk dirèktè lalwa sa yo. Yo renmen pwonmennen avèk wòb long yo, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè lè yo sou plas piblik. Lè y'al nan sinagòg, yo chita kote pou tout moun wè yo. Nan resèpsyon yo chache pi bon plas la. Se piye y'ap piye malerèz yo, anmenmtan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Kondannasyon yo pral pi rèd. Apre sa, Jezi te chita vizavi ak bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li t'ap gade moun yo ap mete lajan ladan li. Plizyè moun rich t'ap mete anpil lajan. Yon pòv vèv vin rive tou. Li lage de ti pyès senk kòb. Lè sa a Jezi rele disip li yo, li di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pòv vèv sa a bay plis pase tout moun ki mete ofrann nan bwat la. Paske, tout moun sa yo mete sa yo pa bezwen. Men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l te genyen, tout sa l te gen pou l viv.