Matye 9:9-12
Matye 9:9-12 HAT98
Jezi kite kote l te ye a. Antan li t'ap pase konsa, li wè yon nonm yo te rele Matye ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l konsa: — Swiv mwen. Matye annik leve, li swiv Jezi. Pita, Jezi t'ap manje nan kay la. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal ki te vin chita sou tab avè l ansanm ak disip li yo. Farizyen yo wè sa, yo di disip li yo: — Poukisa Mèt nou an ap manje konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo? Jezi tande sa, li di yo: — Si yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè.

