Disip Jan Batis yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Nou menm ak farizyen yo, nou fè jèn. Men, poukisa disip ou yo pa fè jèn tou? Jezi reponn yo: — Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab nan lapenn toutotan nonm k'ap marye a la ak yo? Non, pa vre? Men, lè lè a va rive pou l pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn. Pèsonn p'ap pran yon moso twal nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, moso nèf la ap pati ak yon bò nan vye rad la. Lè sa a, rad la ap chire pi mal toujou. Pesonn p'ap pran diven fèk fèt pou bouche li nan vye boutèy ki sèvi deja. Si ou fè sa, diven an ap pete vye boutèy yo, epi w'ap pèdi ni diven an, ni boutèy yo. Men diven fèk fèt la dwe bouche sere nan boutèy nèf. Konsa, ni diven an, ni veso a ap byen konsève.
Li Matye 9
Koute Matye 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 9:14-17
9 Jou
Jezi te itilize istwa pratik ak kreyatif pou esplike wayòm Bondye a. Chak jou nan plan etid 9 pati sa a, yon ti videyo ap ilistre youn nan ansèyman li yo.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo