Jezi moute nan kannòt la, li tounen lòt bò lanmè a ankò, nan lavil kote l te ye a. Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: — Pran kouray, pitit mwen, peche ou yo padonnen. Lè sa a, kèk dirèktè lalwa di nan kè yo: — Nonm sa a ap pale mal sou Bondye. Men, Jezi te gentan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: — Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou? Kisa ki pi fasil pou m di: Peche ou yo padonnen, osinon: Leve mache? Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m padonnen peche. Li vire, li di nonm paralize a: — Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou. Nonm lan leve kanpe vre, l'ale lakay li. Lè moun yo wè sa, yo tout te pè, yo fè lwanj Bondye dapre li te bay lèzòm kalite pouvwa sa a.
Li Matye 9
Koute Matye 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 9:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo