Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Matye 8:28-34

Matye 8:28-34 HAT98

Lè Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun sòti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pèsonn pat kapab pase nan chemen sa a. Yo tou de pran rele ansanm: — Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n soufri anvan lè nou? Toupre kote yo te ye a, te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo mande Jezi: — Tanpri, si ou vle chase nou, voye nou sou bann kochon sa yo. Jezi di yo: — Ale non. Move lespri yo sòti sou de mesye yo, yo antre nan kochon yo. Menm lè a, tout bann kochon yo pran degrengole desann falèz la, y'al neye tèt yo nan lanmè. Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Y'ale lavil la, yo rakonte tou sa ki te pase ansanm ak sa ki te rive de mesye yo ki te gen move lespri sou yo. Lè sa a, tout moun lavil la sòti vin jwenn Jezi. Lè yo wè l, yo mande li: — Tanpri souple, ale fè wout ou.

Li Matye 8

Koute Matye 8

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Matye 8:28-34

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Matye 8:28-34

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon Matye 8:28-34 1998 Haïtienne

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

12 Jou

Etidye fason Jezi te montre pouvwa ak konpasyon li atravè plan etid 12 pati sa a. Chak jou, yon videyo kout ap mete aksan sou kèk nan moun li te geri.

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo