Men, lè w'ap pale se wi ak non pou ou genyen ase. Tou sa ou mete an plis, se nan Satan sa sòti. — Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: yon je pou yon je, yon dan pou yon dan. Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou. Si yon moun vle rele ou nan tribinal pou l pran chemiz ou, kite palto a ba li tou. Si yon chèf vle fòse ou pote yon chaj pou li sou distans yon kilomèt, fè de kilomèt avè l. Bay lè moun mande ou. Pa refize prete moun ki mande ou prete. — Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Se pou nou renmen frè parèy nou, men se pou nou rayi lènmi nou yo.
Li Matye 5
Koute Matye 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 5:37-43
6 Days
Are you frustrated that there are not more than 24 hours in a day? Overwhelmed by the number of projects on your to-do list? Tired of being tired and not having enough time to spend in God’s Word and with your friends and family? These may be the most common struggles in the world. The good news is that the Bible offers clear principles for managing our time well. This plan will expound upon those Scriptures and give you super practical advice for how to make the most of what time you have left in this life!
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo