Matye 3:13-17
Matye 3:13-17 HAT98
Lè sa a, Jezi sòti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li. Men, Jan pat dakò pou sa menm. Li di l: — Se ou ki pou ta batize m, epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m batize ou? Jezi reponn li: — Kite sa fèt konsa kounyeya. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pat kenbe tèt avè l ankò. Fini Jan fin batize l, Jezi sòti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li. Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: — Sa a se pitit mwen, m' renmen li anpil. Li ban m' anpil anpil kè kontan.



