Matye 3:1-17

Matye 3:1-17 HAT98

Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t'ap mache bay mesay sa a. Li t'ap di: — Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l. Se sou Jan pwofèt Ezayi t'ap pale lè l te di: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Senyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. Jan te abiye ak rad plim chamo. Li te mare ren li ak yon sentiwon kwi. Li te manje krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa. Moun sòti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinay larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan. Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an. Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l, li di yo: — Bann vèmin! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon. Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram. Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase menm pou m ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. Li gen laye l nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. L'a ranmase grenn ki bon yo, l'a mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri. Lè sa a, Jezi sòti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li. Men, Jan pat dakò pou sa menm. Li di l: — Se ou ki pou ta batize m, epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m batize ou? Jezi reponn li: — Kite sa fèt konsa kounyeya. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pat kenbe tèt avè l ankò. Fini Jan fin batize l, Jezi sòti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li. Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: — Sa a se pitit mwen, m' renmen li anpil. Li ban m' anpil anpil kè kontan.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an