Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Matye 28:1-10

Matye 28:1-10 HAT98

Lè jou repo a te fin pase, dimanch maten byen bonè, Mari, moun lavil Magdala a, ak lòt Mari a te al vizite kavo a. Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann sòti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li. Li te klere tankou yon zèklè, rad li te blan kou lanèj. Gad yo te sitèlman pè, yo pran tranble, yo tonbe atè tankou moun ki mouri. Men, zanj lan pran pale, li di fanm yo: — Nou menm, nou pa bezwen pè. Mwen konnen se Jezi n'ap chache, nonm yo te kloure sou kwa a. Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l te di a. Vini wè kote l te kouche a. Apre sa, prese al di disip li yo li leve sòti vivan nan lanmò. Li gentan pran devan yo ale nan peyi Galile. Se la y'a wè li. Se sa m te gen pou m di nou. Fanm yo kouri kite kavo a. Yo te pè, men anmenmtan tou yo te kontan. Yo t'ap kouri pote nouvèl la bay disip yo. Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo, li di yo: — Bonjou, medam. Yo pwoche bò kote l, yo kenbe pye l, yo adore li. Jezi di yo: — Nou pa bezwen pè. Ale di frè m yo pou y'al nan Galile. Se la y'a wè mwen.

Li Matye 28

Koute Matye 28

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Matye 28:1-10

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo