Pyè menm te chita deyò nan lakou a. Yon sèvant pwoche bò kote l, li di li konsa: — Ou menm tou, ou te avèk Jezi, nonm Galile a. Men, Pyè demanti l devan tout moun, li di: — Mwen pa konnen sa w'ap di la a. Apre sa, Pyè leve, l'ale bò pòtay lakou a. La, yon lòt sèvant wè li. Li di moun ki te la yo: — Nonm sa a te avèk Jezi, nonm Nazarèt la. Pyè demanti li tou, li di: — Anveritedye, mwen pa konnen nonm sa a. Yon ti kadè apre, moun ki te la yo pwoche, yo di Pyè konsa: — Se vre wi, monchè. Ou fè pati moun sa yo tou. Jan ou pale a fè nou rekonèt ou. Lè sa a, Pyè pran fè sèman, li di yo: — Mwen mande Bondye pou nenpòt bagay rive m si m manti: Mwen di nou non, mwen pa konnen nonm sa a. Menm lè a, kòk chante. Latou, Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l la: Anvan kòk chante, ou va gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè sòti, li tonbe kriye jouk li pat kapab ankò.
Li Matye 26
Koute Matye 26
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 26:69-75
5 Jou
Nan tout kat levanjil yo, yo dekri krisifiksyon ak rezirèksyon Jezi. Nan moman Pak sa a, li sou kijan Jezi te sibi trayizon, doulè, ak imilyasyon sou kwa a anvan li te transfòme mond lan gras a lespwa rezirèksyon li pote. Chak jou, yon ti videyo ap ilistre yon pati nan istwa a.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo